reconstruction
Ekip Volontarya Konbit Soup Joumoun Senmak 1.0 ak kèk manb Nisa Club, te nan yon fòmasyon ayè Dimanch ki te 29 desanm lan pou diskite sou pwen sa yo:
1- Valè ak prensip ki genyen nan konbit
2- Planifikasyon ak materyèl lojistik
3- Akèy
Yo resevwa konesans sou kijan yon bon ajan ta dwe konpòte l epi divès kategori moun y ap gen pou akeyi ak fason pou resevwa yo chak, kòm sa dwa.
Tout moun te sòti kontan epi pare pou gwo konbit sila ki gen pou fèt premye janvye 2025.
"Benevola pa gen pri men bote l chita nan fason ou egzekite sa w gen pou w fè yo epi jan w bay tèt ou pou sèvis lan"
Remèsiman spesyal ak ekip LabInfo an pou lokal lan.